Pluton Magazine
  • Accueil
  • Culture
    • Littérature
    • Arts
    • Cinéma
  • Savoirs
    • Philosophie
    • Société
    • Humanités
  • Vie
    • Santé
    • Sciences
    • Bien-être
  • Spectacles
    • Théâtre
    • Danse
    • Musique
  • Exploration
    • Voyage
    • Découvertes
    • Gastronomie
  • Boutique
Panier
0
0 Likes
Souscrire
Pluton Magazine
Pluton Magazine
  • Accueil
  • Culture
    • Littérature
    • Arts
    • Cinéma
  • Savoirs
    • Philosophie
    • Société
    • Humanités
  • Vie
    • Santé
    • Sciences
    • Bien-être
  • Spectacles
    • Théâtre
    • Danse
    • Musique
  • Exploration
    • Voyage
    • Découvertes
    • Gastronomie
  • Boutique
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma

Filozofi ak pwezi : youn pa mache san lòt

  • 26 octobre 2017
  • Pluton Magazine
Total
0
Shares
0
0
0

 
 
Par Fabian Charles
 
Nanpwen filozofi san pwezi, nanpwen filozòf si pa t gen mouvman desant nan kanivo an. Nou rete kwè, jwèt pwezi an, se yon jwèt ki fèt nan lari. Sa vle di pou nou menm, se pa anlè nou jwenn li.
Nou ka tonbe sou yon lide sanzantann. Lide sila a, ka rive jwenn nou sou fòm emosyon, anvan l rive sou fòm refleksyon. Emosyon sila a, se avè l sanba yo travay, se ak li menm tou, premye filozòf yo, ki te vin anvan Sokrat te konn travay tou. Se kon sa nou rive konprann filozofi pran nesans nan pwezi. Li pran nesans, lè moun ki travay pou kreye konsèp yo, pa rete ap brase lide sèlman, men lè yo desann nan lari an, epi yo pèmèt plis moun kale je yo sou reyalite an pi byen. Se pou tèt sa nou panse filozofi an fèt tou nan relasyon nan mitan moun ak moun. Se yon travay tou ki fèt lè nou makonnen emosyon ak refleksyon.
 
Si nou swiv pawòl lan, n ap konprann filozofi pa fèt san pwezi. Filozofi ak pwezi se kòkòt ak figawo, youn pa mache san lòt. Nou pa ka fè istwa filozofi, si nou pa fè sou lòt bò an, istwa pwezi kote l pran nesans lan tou. Premye filozòf yo se powèt yo te ye. Yon pakèt move entèprèt mete filozofi an dozado kont imaj yo. Epoutan, jès filozòf lan, ki se wete moun nan erè ak nan yon seri fo idòl k ap twonpe moun, pa lwen jès sanba a. Nou panse sanba a tou, dwe fè moun yo vire gade vre imaj yo. Paske se vre imaj yo ki rete nan kè moun. Se sèl verite ki rete, lè manti kaba. Nou konnen premye jès powèt lan, se desann nan lari an. Menm jan dapre Platon, filozòf lan dwe kase chenn moun ki pèdi nan fo imaj yo, pou montre moun sa  yo bon chimen an. Powèt lan tou, dwe fè yon travay dekolonizasyon mantal, pou montre moun yo wout liberasyon ak kreyasyon.
Se nan travay sa a, bèlte pwezi an chita. Se yon bèl bagay vle di se yon kichòy ki djanm, ki pare pou l reziste ak lanmò. Se la a nou jwenn definisyon verite an. Se la a tou, sa nou rele powèt angaje a jwenn plas li tou. Men se la a tou, powèt ki pa deklare l angaje pou okenn kòz l ap defann, fè nich li tou.
Sa n ap bouske la a, se ki lè nou ka di yon powèt angaje oubyen l pa angaje. Se ki jan n ap defini angajman an. Se la sa a n ap gade pou n wè si angajman an rete chita nan tèks ekriven yo, oubyen si l antre nan wòl ekriven an genyen tou nan sosyete an.
Pou nou menm, angajman ekriven an pa ret alekri sèlman, li aloral tou. Sa vle di, nou panse lè n ap pale de ekriven angaje, nou p ap pale de moun ki chita ap ekri atik swadizan politik nan revi oubyen nan jounal. Men n ap pale de ekriven ki gen yon wòl enpòtan nan sosyete an, kote yo marye pratik literè yo ak pratik politik yo.
Youn pa mache san lòt. Epoutan, trè souvan nan zafè literati, kritik literè yo konn ap di, angajman an gate literati an. Sa vle di, lè powèt lan bay twòp plas pou angajman an, yo di sa diminye nan bèlte tèks lan. Lè kon sa, li pa rive marye bèlte tèks lan ak angajman l genyen an. Nan ka sa a, se pa sèlman bèlte tèks la ki echwe men dapre nou menm, se angajman an tou. Paske pa ka gen yon angajman ki bay rezilta, si li pa kreye emosyon kay moun ki tande oswa li tèks la. Anpil moun wè angajman an kòm yon bagay ki gate literati an, epoutan angajman an gen bèlte pa l tou. Wòl ekriven an lè n di l gen yon wòl politik, sa pa vle di pou l sispann atis pou tèt sa. Zèv politik yo gen plas ladan yo pou bèlte jayi tou.
Pèsonaj nan sosyete an, yo rele ekriven angaje an, prèske disparèt jodi an, se swa konsidere moun lan kòm yon politisyen k ap ekri, swa yo konsidere l kòm ekriven ki pa vreman gen yon wòl enpòtan pou l jwe nan politik. Si ekriven sila a, antre nan politik twòp, yo gen tandans pa konsidere l kòm ekriven ankò. Sa vin fè l pi fasil pou ekriven yo wete kò yo nan angajman an. Sa vin fè l pi fasil pou ekriven wete kò yo tou nan filozofi. Nou vin gen ekriven k ap ekri pwezi oswa k ap ekri woman, epi k ap travay sou bèlte a sèlman, san yo pa poze tèt yo kesyon sou wòl bèlte a ka jwe nan sosyete an. Pou nou menm, pa gen ekriven angaje, si yo pa poze tèt yo kesyon sila a. Nou pral mennen yon refleksyon pou n wè l si l posib pou yon ekriven di l angaje san l pa pran wòl pratik sila a.
Pwezi an se yon lòt kalte zam li ye. Nan peyi d Ayiti, nou konnen yon seri gwo potorik ekriven, ki te metrize byen sa yo rele militans lan. Nou poko menm bezwen site yo, yo rive nan lespri nou, si tèlman mak yo kite nan peyi an te anpwofonde. Ekriven sa yo te marye literati ak wòl yo nan pati politik. Sa pèmèt yo rete nan listwa kòm moun ki te sakrifye tèt yo pou yon mouvman. Se pou nou gade, pandan n ap pran egzanp sou potorik ekriven sa yo, ki jan sa posib pou sa fèt ankò jodi an.
Se kon sa, nou ka gade si Jacques Roumain t ap posib jounen jodi an, ak estil pwezi l lan ki te benyen nan militans. Si Félix Morisseau Leroy t ap posib ankò jodi an, ak yon pwezi ki pa gen lòt fonksyon ke angajman. Pi lwen, nou bouske ki wòl literati an, pou nou repoze tèt nou nannan kesyon an, jan Sartre te poze l lan : ki sa ki literati ?     
 
« La poésie n’est pas une spéculation idéaliste, un enchantement magique vu qu’elle reflète ce qu’en langage commun on appelle une époque, c’est-à-dire la complexité dialectique des relations sociales, les contradictions et les antagonismes de la structure politico-économique d’une société, à un moment déterminé de l’histoire. Une telle condition en fait un témoignage et un élément d’analyse de cette société[1]. »
 
Nou menm k ap ekri atik sila a, n ap jwe yon wòl nou ka rele angaje pandan nou pito ekri l an kreyòl pase an franse. Pandan nou konnen konplèks ki genyen nan lespri moun nan sosyete an fè yo pa ka aksepte kreyòl lan se yon lang ki pèmèt moun eksprime refleksyon yo menm jan ak tout lòt lang. Eske sa n ap fè a se yon zak angaje ? Eske lè yon ekriven deside pran yon angajman, li dwe chwazi tou yon estil literè ki koresponn ak angajman sila a. Lè yon ekriven deside angaje tèt li, li deside kreye tou yon nouvo stil literè ki mache ak angajman sila a. Paske fòk li jwenn yon estil ekriti ki ka pran fòm angajman l ap defann lan tou. Se lè sa a, ekriven an kite lwa sanba a desann sou li pou l kab kreye yon nouvo lang. Se pwezi an ki pèmèt angajman an pran fòm li. Se lè sa a nou ka konprann pwezi an se yon zam li ye tou, osinon pou nou pale pi klè, yon zouti ki pèmèt nou angaje. Ki jan nou ka sèvi ak zouti sila a ? Dapre Jacques Roumain, pwezi an dwe reflete epòk lan. Sa vle di li dwe pèmèt nou konprann tou ki pwoblèm n ap viv, ki kontradiksyon k ap trakase n. Kidonk pwezi an se yon temwayay li ye tou pou ekriven an, ki gen wòl istoryen l pou l jwe tou. Men wòl istoryen sila a, se pa sèlman pou l temwanye, men tou se pou l chanje chimen listwa a. Ki jan powèt lan kapab analize listwa a epi chanje l pandan l ap sèvi ak emosyon ?
 
« Si sa pensée n’est pas action, le poète n’est pas libre. Il ne l’est pas s’il ne s’astreint à la nécessité impérieuse de choisir. De choisir entre Garcia Lorca et Franco, entre Hitler et Thaelman, entre la Paix et la Guerre, entre la Démocratie Socialiste et le Fascisme. Sa prétendue liberté s’achève dans ce qu’on pourrait appeler le complexe de Ponce Pilate, qui couvre tous les artifices de la lâcheté, du renégat. Le poète est à la fois témoin et acteur du drame historique. Il y est enrôlé avec sa pleine responsabilité. Et particulièrement dans notre temps, son art doit être une arme de première ligne au service de son peuple. »
 
Si powèt lan se temwen epòk li, sa vle di tou l pa ka ekri san l pa fè chwa. Se tankou lè moun al nan tribinal paske yo rele yo kòm temwen. Moun lan oblije fè yon chwa sou temwayaj l ap fè an. Yo mande temwen an oswa powèt lan pou l di sa l te wè ak de zye l, sa l te viv lè zak la fèt. Pa gen metafò k posib pou powèt lan si l pa fè chwa non sèlman nan stil metafò an, men tou si l pa fè yon chwa nan nannan sa l vle di an. Fòk pwezi an swiv aksyon powèt lan. Si powèt la pa ka fè sa a, sa vle di si powèt la pa ka fè yon chwa nan temwayaj li, sa vle di l pa lib. Nou pa vle di la a, libète powèt lan se kapab di sa l vle. Libète powèt lan chita nan kapab denonse sa pou l denonse oswa bay verite l dwe bay lan san baboukèt. Men ki jan pou l fè l ? Ki jan pwezi ki pou anpil moun se literati ki parèt pi inosan kapab sèvi pou denonse move rejim politik ? Ki jan pwezi kapab yon danje veritab pou rejim politik lan ? Ki jan aksyon ka swiv pwezi ? Lè sa a, nou rejwenn yon kesyon ki pi lou toujou, eske pwezi an kapab chanje monn lan ? Anpil moun di sa se yon rèv ki p ap janm ateri. Nou menm nou pito mande tèt nou, si pa t gen pwezi, eske t ap gen aksyon ? Si pa gen emosyon nan yon diskou, si pa gen metafò ki ka fè yo vibre, ki jan moun kapab aji ? Si pa t gen pwezi, monn lan pa t ap janm chanje.
 
« La nécessité humaine est la loi morale de l’esprit. L’une des choses qui me paraissent les plus admirables dans l’oeuvre de Lénine, c’est que l’auteur du Matérialisme et du Criticisme empirique, cet esprit encyclopédique, ce géant de la pensée, écrivit un pamphlet réclamant de l’eau bouillie pour le thé des ouvriers des tissages de Schulusselburg. Et Mayakovsky obéissait à la vraie mission révolutionnaire du poète lorsqu’il mettait son art au service de la lutte contre le typhus. »
 
Eske pwezi a dwe rete sou papye ? Eske l pa dwe mache nan lari tou ? Eske n pa jwenn pwezi an tou nan konble bezwen materyèl moun ka genyen ? Lè ouvriye yo ap mande pou yo monte salè minimòm, oubyen y ap mande yon tas kafe anvan yo travay, pwezi an ta dwe la tou. Se li ki pou bann fòs pou nou ka fè faskare ak tout pwofitè. Sa vle di pwezi an ta dwe sèvi tou nan pratik lavi nou. Se sa k fè angajman an kay powèt lan pa yon angajman aloral. Men se yon angajman ki mache men nan men avèk yon pratik.
Se lè powèt la di l pa p ret ap fè pwezi pou l fè pwezi, men lè l ap fè pwezi l lan bay rannman. Lè ekriven rele tèt yo angaje epi angajman yo rete chita nan pawòl, se pa yon veritab angajman. Gen yon seri gwo ekriven jodi an, ki rele tèt yo angaje, epoutan nou wè se atik sèlman yo chita ap ekri.
Se pa sa nou rele ekriven angaje an, ekriven angaje an gen yon wòl sosyal. Lè l fin ekri yon atik, l al pale nan radyo pou l gen yon enfliyans politik. Li antre nan yon pati politik kòm yon gwo ekriven. Kot gwo ekriven angaje yo jodi an ? Kot Jacques Roumain ? Kot  Jacques  Stéphen Alexis ? Kot Félix Morisseau Leroy[2] ? Kot Sonny Rupaire[3] ? Ekriven angaje an pa gen pou l pè rantre nan jwèt politik lan. Sa pa vle di l ap pèdi tèt li kòm ekriven, paske angajman an gen bèlte pa l tou.
 
 
Fabian Charles
Pluton-Magazine/2017
Mois du créole 2017
 
 
 
 
[1] Parole En Archipel, “Jacques Roumain : La poésie comme arme,” Parole En Archipel. URL : http://paroleenarchipel.over-blog.com/article-jacques-roumain-la-poesie-comme-arme-112286025.html. Accessed October 13, 2017.
[2] Félix Morisseau-Leroy, Kasamansa: poèmes, Dakar, Sénégal : [s.n.], 1977, 40 p.
[3] Sonny Rupaire, “La littérature est-elle nécessairement engagée ?,” Île en île, January 28, 2005. URL : http://ile-en-ile.org/sonny-rupaire-la-litterature-est-elle-necessairement-engagee/.

Accès Premium

Cet article est réservé aux abonnés

Abonnez-vous pour accéder à l'ensemble de nos articles Premium.

Accédez à tous nos contenus Premium :

✓ Lecture intégrale de tous les articles Premium

✓ Accès aux archives

✓ Nouveaux articles Premium chaque semaine

✓ Abonnement sans engagement

Abo Pluton Premium

Déjà abonné ? Connectez-vous
Total
0
Shares
Share 0
Tweet 0
Pin it 0
Pluton Magazine

Article précédent
  • Musique
  • Théâtre Danse Musique

Musique au Cœur du Médoc : Marie-Martine BOLLMANN et Mark DROBINSKY au Château Dauzac

  • 21 octobre 2017
  • Pluton Magazine
Lire l'Article
Article suivant
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma

Une promenade en poésie – saison 2 : Bocar N’DIAYE

  • 29 octobre 2017
  • Pluton Magazine
Lire l'Article
Vous devriez également aimer
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma
  • Non classé

« Jean Mor , esclave du ponant » de José Le Moigne.

  • Pluton Magazine
  • 21 septembre 2026
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma

Siyaj, publier pour faire bouger les lignes.

  • Pluton Magazine
  • 7 septembre 2026
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma

Once upon a time : « Il attendait les pigeons » de Dominique Lancastre

  • Pluton Magazine
  • 10 août 2026
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma

Once Upon a Time : « Le Bain de Man Jeanne  » de Stécy Lancastre-Régent

  • AdminPLUTON
  • 3 mars 2026
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma
  • Non classé

Once Upon a Time… « Ivre et Mourir  » de Michèle Jullian.

  • AdminPLUTON
  • 25 février 2026
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma

Frankenstein, de l’épouvante à la fascination

  • AdminPLUTON
  • 13 janvier 2026
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma

Ces expressions japonaises qui saisissent émotions subtiles, valeurs sociales et sensibilités esthétiques.

  • AdminPLUTON
  • 4 novembre 2025
Lire l'Article
  • Littérature
  • Littérature arts cinéma
  • Non classé

Once upon a time : « Ils venaient du Levant »de Georges Fayad.

  • Pluton Magazine
  • 28 octobre 2025

Laisser un commentaire

Vous devez vous connecter pour publier un commentaire.

Articles récents
  • KAW THOO LEI
    • 22 septembre 2026
  • « Jean Mor , esclave du ponant » de José Le Moigne.
    • 21 septembre 2026
  • Pluton Mag: Abonnement Premium
    • 9 septembre 2026
  • Siyaj, publier pour faire bouger les lignes.
    • 7 septembre 2026
  • Le Japon que je porte en moi
    • 6 septembre 2026
  • AUTORITÉ, POUVOIR ET DÉMOCRATIE, LE SUBTIL ÉQUILIBRE DE LA CINQUIÈME RÉPUBLIQUE
    • 3 septembre 2026
  • La poésie dans la musique antillaise.
    • 3 septembre 2026
  • IA : la musique générative la note qui fait débat
    • 3 septembre 2026
  • Once upon a time : « Il attendait les pigeons » de Dominique Lancastre
    • 10 août 2026
  • SAINT-JACQUES-DE-COMPOSTELLE PLUS QU’UN PÈLERINAGE : UNE ÉTOILE DE BETHLÉEM
    • 14 mai 2026

Souscrire

Souscrire à la newsletter

Pluton Magazine
  • Contactez la rédaction
  • Qui sommes-nous ?
  • Mentions légales
Explorer - Découvrir - Observer

Input your search keywords and press Enter.